Yon tribinal federal peyi Laswis voye jete apèl FIFA sou dosye Yves Jean Bart a

827

07-03-2023

Dosye Yves Jean Bart a kontinye ap fè koze. Dènye desizyon Tribunal Arbitral du Sport (TAS) ki te lave kon lanèj Yves Jean Bart (Dadou) sou evantyèl zak sisinaj sou yon seri jwèz nan foutbòl ayisyen an, pa sispan jwen baryè bò kote responsab FIFA yo.

Konsa, desizyon FIFA pou te ale an apèl kont desizyon TAS 14 fevriye 2023 a, ki te an favè Jean Bart, pa jwen benediksyon yon tribinal federal peyi Laswis, ki konplètman voye jete apèl la, daprè sa ki pibliye nan fen mwa jen 2023 a.

Comments are closed.