Paul Elie Faustin bat bravo lakontantman pou eleksyon konsèy nasyonal tranzisyon an reyalize a.

2,282

John Jean Jacques

01/31/2022

Pòdpè______(TRiboLAND) Paul Élie Faustin bat bravo lakontman pou aktivite elektoral sila a ke Konsèy Nasyonal Tranzisyon (KNT) te òganize yè dimanch 30 janvye 2022 a pou te eli yon prezidan pou dirije tranzisyon an.

Paul Elie Faustin

Jan sa te anonse, Konsèy Nasyonal Tranzisyon an te reyalize eleksyon nan kad plizyè akò tankou Montana, Penn elatriye, pou te kapab mete yon prezidan pou dirije Tranzisyon an nan Peyi Dayiti.

Paul Elie Faustin, kowòdonatè Fòs Nou (Fòs Nòdwès Uni) bat bravo lakontantman pou aktivite sila a pandan ke l deklare, bay lanmen ak Premye Minis Ariel Henry, Montana, Penn elatriye, se pi bon fason kap mennen nou tèt dwat nan yon konferans nasyonal kote nap gen pou pwosede a chanjman sistèm ki la a. Paul Elie kontinye pou l raple patizan akò yo pou yo bay dèyè yo 2 tap; pa gen rete tann ankò paske yo gen yon sèl byen ki ini yo ansanm ke yo dwe jere ak pwoteje, se Nasyon Ayisyèn nan.

Lidè “FòsNou” an montre dout ke li genyen sou dènye pozisyon pati Politik Fanmi Lavalas la, ki te tante retire repwezantan li yo nan KNT an kèk jou avan eleksyon yo.

Nap raple ke eleksyon 30 janvye 2022 yo, eli Fritz Alphonse Jean Prezidan epi Steeven Benoît Premye Minis.

Eleksyon fin fèt! Kesyon ki ap poze, kiyès ki pral anchaje pou pèmèt Prezidan sila a rantre nan Palè Nasyonal ? Pa bliye sa genyen kèk jou depi Premye Minis Ariel Henry te fè konnen 7 fevriye 2022 pap genyen yon nouvo prezidan nan la repiblik. Dosye a swiv!

Comments are closed.