Yon komisè polis mouri krible anba bal ak madanm li nan Kwà Dèboukè

2,618

01/20/2022

Kwà Dèboukè_______(TRiboLAND)  Apwè midi mèkredi 19 janvye a, lakwà antre fwà sa lakay koup marye, Komisè polis Jean Ismay Auguste ak Clotide Vilus ki se yon anploye Meri Kwà Dèboukè a.

Fanmiy la te anba atak nan moman yo tap antre lakay yo nan yon machin polis ki te genyen egalman abò li pitit fi yo ki te soti lekòl. Enfòmasyon yo ki soti nan diferan sous lokal konfime viktim yo te anba atak nèg sangwen ame nan mitan vil Kwà Dèboukè.

Komisè Jean Ismay mouri krible anba bal ansanm ak Clotide ki selon  enfòmasyon yo ta sanble agrsè yo ta menm arive ale avèk kadav yo, alòske fiyèt arive transpòte bwit sou kou apwè ke li te resevwà yon bal nan kou.

Comments are closed.