“Sonjohn bon18” deside kraze kite sa ak Djaz ki rele Fidel-la

2,787

Louis Jameson 01/18/2022

Pòdpè _____(TRiboLAND) Ansyen chantè “Sonjohn Bon 18” ki te konn ap pèfome nan fòmasyon “Fidèl-la de T-Carlo”, deside tounen dol bay Djaz la.

Aprè kek tan ap depoze konpa nan fòmasyon sila, atis la jije l bon pou l chèche yon lòt avanti nan endistri mizik ayisyen an.

Pou kounya, Sonjohn se nouvo chantè “Top Konpa” ki baze l nan komin Sen Lwi Dinò sou depatman Nòdwès la. 2 pati yo mete yo dakò pou yon montan de 175.000 goud ak lòt avantaj atis la gen pou l benefisye. 29 janvye 2022 se dàt atis la pral delivre premye pèfòmans li ak nouvo djaz li nan Terasdèza nan vil Pòdpè.

N ap raple w, jenn atis la bay sèvis li ak anpil djaz deja nan milye mizik ayisyen an tankou: Solid #1, Rebel-la, K-zi mizik, Fidèl-la de T-Carlo elatriye.

Comments are closed.