Yon dominiken ki responsab sekirite Kodevi rantre fè arestasyon Wanament, plizyè sitwayen reyaji

1,391

09-20-2022

Wanament, Ayiti __(TRiboLAND) Nan mobilizasyon kont lavichè ak ensekirite kap fèt depi kèk jou, divès sitwayen pa kontan jan domiken ap rantre ak zam vin retire barikad sou teritwa nasyonal ayisyen an.

Depi kèk jou responsab sekirite Kodevi a (Tejada ) te travèse lizyè e menm arive pile sol nasyonal la lendi 19 septanm 2022 a. Majistra Adjwen komin Wanament lan, Ocelite Destine rejaji nan fason Dominiken yo pran yon malen plezi rantre ak zam nan moso tè Dessalin nan pou vin fè arestasyon.

Ajan enterimè a di se yon deriv lè chèf sekirite Kodevi a,Teyada antre andan Wanament pou li arete moun, li mande lapolis pou arete l, li fè konnen gagòt sa li pap tolere l, paske l pa chèf sekirite nan Wanament. Li ale pi lwen pou di si lapolis pa kanpe deriv sa lap pran dispozisyon ki apropriye.

Ajan rapouswiv pou di, ke li konprann pouki sa Kodevi te vle mete lòt enstans nan plas mèri a; enstans, li deklare ke li pa nan griyen dan ak Kodevi, paske demach li yo se demach ki kont kominote a nan mache bay baz lajan pou kreye enstabilite ak move trètman ouvriye ap sibi epi antre nan konplo pou pwan tè peyizan yo.

Jn Simon Manex

Comments are closed.