Akò Montana a ap vale teren : seremoni enstalasyon manm Konsèy Nasyonal Tranzisyon an deja planifye

12/09/2021
Pòtopwens_____(TRiboLAND)Responsab akò Montana a pa sispan miltipliye bwàs yon fason pou arive mete sou pye konsèy Nasyonal Tranzisyon an (CNT) avan lontan dimanch kap 12 desanm 2021.
Selon yon nòt envitasyon ki soti bò kote Biwo rapouswiv Akò Montana a e ki ale jwen yon latriye media ak antite nan klas politik la, responsab gwoup sinyàtè akò bèl longè a, anonse seremoni enstalasyon manm CNT yo pwàl pran chè dimanch 12 desanm 2021 an nan otèl Karibe nan komin Petyonvil.
Dapwè responsab yo, genyen apepwè yon senkantèn moun kap konpoze yon parèy konsèy tranzisyon ki regwoupe tout repwezantan gwoup sinyàtè Akò Montana a ki genyen pou objektif arive deplwà tonnnen kriz plizyè tèt la kap bwàse bil peyi Dayiti a.






