Yon nouvo estrikti kreye pou lite kont ensekirite kap taye banda l depi dig dantan.

1,946

Par Louis Jameson

11/24/2021

Pòtopwens_______(TRiboLAND) Madi 23 novanm 2021 nan yon konferans pou Laprès ki t ap fèt nan lokal RNDDH, yon nouvo estrikti ki rele gwoupman travay pou sekirite (GTS) pran nesans nan lide pou konbat fènomèn ensekirite k ap simaye laterè sou popilasyon an e bay kèk estrateji k ap kapab ede mouche leta tabli sekirite sou tout peyi a.

Louis Carmel Bijoux, youn nan moun ki fè pati estrikti sa deklare ke objetik yo se fè bon pwopozisyon k ap pèmet yo jwenn yon souf ak bandi san fwa ni lwa k ap retire lavi moun san kanpe. Yon lòt bò, reprezante sosyete sivil la devan mouche leta, ankouraje tou polis nasyonal la itilize bon estrateji ak mezi pou kwape gang ki pran plezi nan touye moun e sansibilize popilasyon an pou akonpanye PNH la nan travay lap antreprann.

Aloske direktè ekzekitif RNDDH ki gen nan tèt li Pierre espérance, ki se yon lòt manm nan GTS pat kache fristrasyon l kont otorite yo k ap mal dirije peyi a konsa tou, bay presyon k ap fòse leta fè travay li jan sa dwe fèt. Anplis, pwoteje vi ak byen epi sansibilize popilasyon an k ap sibi tou zak anba grif bandi sanvègòn yo.

N’ap raple, gwoup travay sou sekirite (GTS) ki poko gen anpil tan depi l kreye men manm yo gen nan tet yo pou lanse yon kanpay nasyonal nan lide pou mande popilasyon an enplike yo san fòs kote pou lite kont ensekirite k ap mete dlo ak dezespwa lakay yo.

Comments are closed.