Ansyen pwezidan dominiken an kritike fason ke Luis Abinader ap depòte fansent ayisyèn nan peyi Dayiti

157
0
Share:
TRiboLAND

11/17/2021

Sen Domeng______(TRiboLAND) Leonel Fernández, ansyen pwezidan repiblik dominikèn nan kritike dispozitif gouvènman Luis Abinader a pran pou depòte menm fanm ansent ayisyèn yo nan peyi Dayiti.

Sosyete Babar : Polis dominiken mete ak sivil ap maltrete yon migran ayisyen

Ansyen leader a estime se yon mezu ki ennimen. “Otamatikman yon fanm tonbe ansent, kèlke swà nasyonalite li, li kapab antre nan nenpòt etablisman pou l kapab akouche”, dapwè Leonel Fernánde ki deklare arestasyon fanm ayisyènn epi depòte yo nan peyi Dayiti dwe rekonsidere, malgre peyi repiblik dominikèn genyen tout dwà li pou li pwoteje souverènte li e pran desizyon ki apwopwiye nan lwà migrasyon li; sepandan fòk li konnen tou genyen dwà entènasyonal pèp la ak konvansyon ke repiblik dominikèn sinye, tankou konvansyon Nations Unis ki kouvwi fanm kont diskriminasyon.

Nap raple, Depi plizyè jou gouvènman Luis Abinader a ap klewonnen ou alimante nan tèt popilasyon dominikèn yon masak kont migran ayisyen ki deja ap subi yon pakèt anba men polisye ak sivil dominiken kap maltirize sitwàyen ayisyen sou oken fòm lalwà.

Share:

Leave a reply