Plizyè endividi jwenn arestasyon yo nan vil Ench akoz detounman yon kamyon gaz sispèk

1,646

11/14/2021

Kabayi, Ench_____(TRiboLAND) Yo Jij depè nan komin Ench pwosede ak arestasyon Arisme Guy Frantz ak Porcéus Kervens ki debake ak yon kamyon gaz san onè yè samdi 13 novanm 2021 an nan vil la.

Kamyon sa ki te imatrikile PQ 22133, te chaje koule ba avèk plis pase 9000 galon gaz e te egalman jwen benediksyon ak pwoteksyon 2 ajan UDMO . Konsa, selon kèk sous ke moun ka fè konfyans, mesye yo te fè tèt yo pase pou vandèt gaz lè yo te deside al vann gaz la jous nan yon zònn  ki rele Kabayi avèk konplisite ajan UDMO yo ki pa sispann ap bwàse nan biznis lò nwà a.

Antouka, 2 pwezume raketè sa yo ta sanble twouve yo nan gadavu komisarya Ench lan pou envèstigasyon.

Comments are closed.