Atakan Entènasyonal, Duckens Nazon anonse yon pwojè konstwiksyon kay pou viktim latè tranble Gran Sid la

1,945

11/08/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Atakan entènasyonal ayisyen an, Dickens Nazon kap evolye nan dezyèm divizyon fwansèz la anonse an gran panpan yon pwojè konstwiksyon kay pou penensil Sid la ki te pran fwap anba gwoudou gwoudou 14 dawou 2021 an nan peyi Dayiti.

Se yon total 20 konstwiksyon kay kap genyen pou kanpe djanm rapid e kap dote de yon kalite parasisimik ki pwàl fasilite ebèjeman plizyè fanmiy ki te viktim nan katastwòf latè tranble 14 dawou 2021 an nan Sid peyi a.

“Mwen gen anpil kè kontan pou mwen anonse nou yon pwojè konstwiksyon kay an kolaborasyon avèk “Seed Charity”, yon manyè pou ede pèp lakay mwen kap soufwi, ki kontinye ap soufwi”, dapwè mesaj Duckens Nazon ki konfime ke se yon ijans pou yon parèy pwojè kap gen pou koute 60,000 ewo, lajan blan fwanse.

Comments are closed.