Lopital Bernard Mevs ki nan kapital la, chwàzi pa resevwà malad akoz ratman gaz

2,775

11/06/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan yon nòt ke li mete deyò e ki arive nan sal redaksyon TRiboLAND vandredi 5 novanm 2021 an, administrasyon Lopital Bernard Mevs ki plase nan Vilaj Solidarite, Pòtopwens anonse enkapasite li pou li resevwà malad akoz ratman gaz la ki pasispan ap vale teren.

Lopital Bernard Mevs ki se youn pami yon seri sant medikal ki pa janm fatige akonpanye popilasyon an nan bay sèvis tout kalite, twouve li pami anpil lòt enstitisyon ki disfonksyonèl e fèmen pòt yo akòz bandi sangwen ki pran an notaj chanèl apwovizyònman (nan tèminal Thò ak Kafou) gaz la ki vinn rann lavi enposib pou tout lòt sèktè atravè peyi a.



Comments are closed.