Entèlektyèl ensousyan ak alamòd Haïtiens !

321
0
Share:
TRiboLAND

Gen yon dezòd k ap fèt nan zafè teyoloji nan Legliz ann Haïti ak dyaspora a ; se yon zak malonèt nou dwe denonse. Gen yon bann nèg ki pran pòz pap teyolojyen yo k ap blofe moun e k ap travay pou wayòm dyab la. KREYATÈ a bannou limyè pou n sa klere chimen moun ki nan fènwa. Nou pral dirèk.

Levanjil ki te preche nan koumansman ane 10, 20 yo e ki kontinye fè malè toujou nan espas haïtien an, se yon levanjil esklavaj Vatikan pote pou nou, malgre tout efò Martin Luther ak Calvin fè pou bannou yon mach aswiv pou nou anbrase Levanjil santibon Jezikri a.

Wikenn sa k ap vin la; se wikenn selebrasyon Larefòm ki bannou Pwotestantism. Se yon okazyon pou nou reflechi sou bòn nouvèl JEZIKRI a, e prezante pèp Bondye a yon Levanjil ki san fòs fòs kote, jan li prezante anndan Labib Ayisyen an.

Gen yon bann mekreyan nan kominote nou an ki rele tèt yo entèlektyèl, men ki se yon bann ensousyan ak enkonsyan. Nèg yo soti pou fè moun konprann ke pawòl Labib se pawòl tafya, JEZIKRI se envansyon women, Lasyans se sèl mezi ki mezire ti godèt Lavi. Gen kèk nan nèg sa yo, se visye ki fè yo vann konsyans yo; men gen lòt, se idyo yo idyo.

Pou lanne 2022 a, si KREYATÈ banm Lavi, m ap fè yon seri tèks pou m demonte lide ki fè kwè ke teyoloji se pawòl fatra, jesyon peyi pa gen anyen pou wè ak lafwa. Mwen pa gen lese frape m ap fè ak pyès nèg ki panse yo gen monopòl Lasyans ak bout doktora ki nan men yo. Mwen grandi nan men Pastè Cénopha Point Du Jour, youn nan pi gwo teyolojyen Haïti konnen, men se pat yon nèg ki te pase nan ankenn gwo inivèsite. Misye fòme tèt li, e Letènèl te sèvi ak li. Se Cénopha ki fè m konprann dinamik Legliz se yon gran fanmi; yon pastè pa yon radotè k ap mete bèl vès e ekri bèl mesaj.

Se pandan m vin gran, m ap reyalize tout gwo bout tonton travay Pastè cénopha t ap fè ak tout kò pastoral la, san konte Papy Rémy ki te responsab kò dyak la. Mwen konn anpil ÒmdeDye ki te gen karism Pastè Cénopha e ki viv sa yo t ap preche. Nan jenerasyon sa ; fòk gen jenn entèlektyèl ki konn sa Bondye ye kòm Gran KREYATÈ e ki ka restore Verite Absoli a: Pa gen Lavi ni Santibon andeyò Pitit Lòm nan.

Haïti gen yon travay ak yon Egzanp li dwe bay Limanite, se moun k ap mache tèt anlè sèlman ki ka fè sa. Mwen swete tout jenn gason ak jenn fanm ki viv Levanjil Kris la kòm yon reyalite ki vre, palpab, veritab ka fè yon feso, yon chenn solidarite pou nou klere chimen Limanite k ap dodomeya sou wout pèdisyon. Vrè Levanjil la, pa sèlman nan Bib, men se yon reyalite nou viv chak jou ki mande anpil imilite pou nou viv li, anpil sajès pou nou pa gen gwo Ego.

Haïti ak Haïtiens se gwo egzanp ke Pawòl Levanjil la, se verite. N ap pale sa nou konnen, n ap temwanye sa nou viv. JEZIKRI se Lavi e li se repons la. Moun k ap sèvi KREYATÈ a tout bon vre, pa ka nan fè chowòf! Verite pa ka kache; Limyè dwe chase tenèb! Nou rive nan tan pou 2 gwoup yo fè demakasyon an: 1- Byen, 2- Mal. Chwazi nan ki kan ou te; chwazi sa ki esans Lavi a!

Namaste! Shalom !

Kerlens Tilus. 10/27/2021
snel76_2000@yahoo.com
Tel: 631-639-0844

Share:

Leave a reply