Yon lèt tou louvri pou jenès peyi Dayiti, nan okazyon jounen entènasyonal lajenès

624



08-12-2022

(TRiboLAND) Jenès Peyi Dayiti kòman nou ye? Mw salye nou nan non Jezikri ak sa n pawè yo. Mw pa bezwen menm mande kòman nou ye? Paske depi aprè nou fin goumen kont rejim bout di Duvalier a, nou pèdi espwa, nou gaye, nou menm arive bay legen.


Sa ki lakòz, yon kouran endividyalis pa sispann anfle tèt nou epi souse nou youn aprè lòt.

Nou bliye poukisa zansèt nou yo te fè 1804? Èske se bliye nou bliye istwa peyi Kiba fas ak Peyi Blan Meriken kifè nou dezangaje konsa? Èske se paske nou panse nou te fin afranchi tèt nou ki fè nou lage bay konsa?

Istwa ak anpil lòt dokiman fèw konnen ke w se avni peyi a. Map pwofite jounen entènasyonal sa a, poum mande nou, èske tout bon vre nou serye ak pawòl sa a? Èske nou deside kite Jenès kap vini an, vin patoje nan la rivyè san nap prepare yo?

Yon senp emèjans konsyans sosyal sifi pou retire peyi Dayiti nan sal ye la. Men, kilè wap pran konsyans sa a, kilè wap aprann konnen, gadyen jewontokratik yo se itilize yap itilize w aprè pou imilyew.

Jenès Peyi Dayiti, ouvè zyew pou wè kantite baryè ki devanw. Baryè jewontokratik la, se sa ki lakòz menm siw gen mil plòm ou pap janm gen aksè ayon djòb.kisa wap tann pou kraze sa?

Baryè ensekirite a, se sa ki lakòz, moun pa fè moun konfyans ankò nan peyi Dayiti. E se sa tou, ki lakòz sistèm viv ansanm nan disparèt paske tout moun pè moun.

Depi kilèw aprann agronòn yo pa ede peyizàn yo ankò ? Depi kilè ou konnen tou, erozyon ak sechrès pa sispann dekapitalize peyizan yo? Èskew janm poze tèt ou kesyon, sou tout valè nou yo kap pati kite peyi a?
Jenès peyim! Èske w fyè, ak yon galil, M4, Chawa Pete, yon boutèy kleren?

Jenès peyim, ki sa w di tèt ou kòm gadyen valè repiblik la, lèw wè imaj ou ap mouri nan lanmè? Ki sa w di tèt ou, puiske ou se gadyen tout valè yo, lè w wè, ti machann yo ap fin toupizi anba kout fizi? Ki saw panse fè, lè w wè dola US la, pa sispann vale goud la?

Antouka, map fini korespans sa a,ki chaje ak kesyon poum di nou, “Reveye Nou”.Yon seri kesyon mw swete ki pral jwenn “refleksyon” ak “konsyans” lakay chak jèn nan peyi Dayiti, non sèlman pou n bay peyi a yon lòt oryantasyon men tou, pou n retire li nan sityasyon agonizant ke’ l ye la.

gensonhyppolite8@gmail.com

Comments are closed.