Ayiti Kriz Politik : OEA retounen nan baz li avèk yon malèt pwopozisyon pwotagonis yo pou deplwàtonnen kriz la.

505

06/10/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Jis avan ke yo retounen apwè yon vizit 3 jou, Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) rankontre ankò yon fwà pwezidan defakto a Jovenel Moise jodi jedi 10 jwen 2021 an.

Òganizasyon emisferik la raple ke wòl li se te eseye konprann e kolekte enfòmasyon adekwàt sou kriz plizyè tèt la nan peyi Dayiti. Yo egalman fè Jovenel Moise konnen ke yo pwàl drese yon rapò bay Konsèy pèmanan OEA a.

Diplomat OEA yo te gen chans rankontre yon latriye repwezantan pati ak gwoupman politik kle anndan peyi a tankou : Clarens Renois, UNIR, ansyen pwemye minis, Evans Paul, Eric Jean-Baptiste, RDNP, Joseph Lambert, pwezidan Ti miyèt Sena a pou nou site sa yo sèlman. Plizyè nan aktè sa yo pwopoze OEA 10 pwopozisyon pou deplwàtonnen kriz la.

Pwezidan defakto Jovenel Moise te pwofite remèsye misyon OEA pou pwezans yo nan peyi Dayiti malgre pandemi an. E li te pwofite mande òganizasyon an sipò nan kàd òganizasyon eleksyon yo, sitou nan domèn sekirite. Li estime ke enplikasyon OEA nan pwosesis elektoral la ap trè kapital”, dapwè yon tweet ke Jovenel Moise te fè sou kont twitter li.

Comments are closed.