Se gro leve kouri yo fè ak Marine Le Pen nan yon media tele nan Gwadloup, Macron di ke li “sezi wè sa”

2,510

03/27/2022

Marine Le Pen, nan vire tounen li nan Zantiy yo, pase yon move moman nan moman li tap anrejistre yon emisyon yèswà samdi 26 mas 2022 a.

Gwadloup____(TRiboLAND) Militan ou nasyonalis fawouch pètube nan sware a emisyon Marine Le Pen ki ta pral anrejistre nan otèl Gosier nan Gwadloup. “Genyen pou pi piti, 20 pwotestatè gochis ki arive bouskile nou sovajman”, dapwè sa yon antouraj candida Rassemblement National pou eleksyon pwezidansyèl peyi Lafwans lan fè konnen. Selon atacheprès la, Le Pen ta sanble menm resevwà yon kou nan do; e yo te rache mikwo ki te sou li a mete atè.

Plato tele kote Marine Le Pen te fini anrejistre emisyon ki difize jodi dimanch lan sou France 3, te avayi ak militan tout plimay òganizasyon Nasyonalis Gwadloup, pami yo Alyans Nasyonal Gwadloup (ANG), dapwè chènn televizyon Guadeloupe La Première, ki li menm tou anile yon interview ki te prevwà andirèk avèk Le Pen.

Pat genyen reyèlman afwontman ak zak vyolans, men pito entimidasyon kont Marine Le Pen, selon sa yon jounalis Guadeloupe La Première deklare.

Nan entèvansyon li nan menm emisyon France 3 jodi dimanch lan, Emmanuel Macron reyaji fas ak imaj li wè yo. “Mwen sezi, mwen pa gen bouch poum pale”. Bagay sa li inasèptab. “Mwen toujou konbat lide Marine Le Pen yo, men ak anpil respè”, daprè Macron ki tap depoze.

Moun te kapab ap gade imaj yo sou chènn nan; kote ke gadkò candida Le Pen nan te oblije kouri pran li e bese tèt li yon fason pou proteje l; yo te kouri sove ak li sou plato a, kote ke Guadeloupe la Première te dwe interview l.

Pwotestatè yo tap lanse gro slogan piman bouk “deyò”, “rasis” daprè imaj BFMTV yo ki montre ke yo menm tou tap deplase.

Pwogram Marine Le Pen ap kontinye jodi dimanch lan. Li genyen pou vizite yon mache nan Saint-Anne e rankontre ponpye yo nan Sainte-Rose.

Comments are closed.