Otorite ayisyèn yo ap fouye zo nan kalalou sou kesyon rakèt paspò anndan anbasad Ayiti nan Wachennton

2,215

09/15/2021

Wachennton______(TRiboLAND) Emmanuel Content, kòkòt ak Figaro avèk Bocchit Edmond ta sanble pwi nan mera nan kesyon rakèt paspò nan anbasad Ayiti a nan Wachennton.

Selon sa yon sous konfidansyèl konfye TRiboLAND, yon delegasyon ministè Enteryè ak Kolektivite Tèritoryàl yo ki an vizit nan Wachennton ap fè envèstige, fè triyàj, kale je gade ak enspekte kòripsyon kap taye banda nan espas diplomatik ayisyen an nan Wachennton

Pwatik sa yo pa kite endiferan diplomasi ayisyèn nan kap trennen nan fatra ak kòripsyon; yon sitiyasyon ki alame otorite ayisyèn yo e ki kapab mete Ayiti nan yon pozisyon konplis ak reselè nan fasilite krim teworis entènasyonal nan fè rakèt ak etranje.

Nap raple genyen gwo dife volan ant Bocchit Edmond e minis Afè Lòt Bò Dlo a, Claude Joseph. Kritik yo estime se ekip Claude Joseph la kap mache sou Bocchit ki te arive detekte rezo rakètè ak kòriptè ki nan reselè ak Claude Joseph. Antouka, ta sanble se yon triyo kap vwayaje e travay pou Bocchit Edmond ki ta sanble deja fè yon pakèt fòtin sou do diplomasi a. Julien ak Emmanuel se pami sa yo ke ministè Enteryè kenbe nan pelen.

Emmanuel Contente, ki se yon imobilye, yon ameriken-ayisyen e ki genyen yon bisniz fè paspò asosye ak Brocchit, avwe bay envèstigatè ministè Enteryè yo ke se li menm ki fasilite diplomat la pwèske fin peye kay li.

Comments are closed.