Gwoudou gwoudou : Operasyon “pote sekou” ak “sove lavi” yo rive nan bout yo: chif viktim yo rive a 2,200 mò

2,099

09/03/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan yon dokiman enstitisyon Centre d’Opérations d’Urgences Nationale (COUN) mete deyò jodi vandredi 3 septanm 2021 an, te fè kon li konnen pou li te arive sove lavi tout sa yo ki te pyeje anba dekonm nan katastwòf gwoudou gwoudou ki baleye Gran Sid la, 14 out 2021 dènye.

Dapwè COUN, ekip pote sekou yo te benefisye jarèt ak kolaborasyon sekouris ki te soti nan peyi tankou : Meksik, Repiblik Dominikèn, Chili, Angletè, Kolonbi ak Bwezil ke gouvènman Ariel Henry a te voye yon chay remèsiman pou supò ak sakrifis yo pou sove lavi yon bon valè sitwàyen ayisyen.

Nan dènye bilan pwoteksyon sivil la, genyen apepwè 2,207 mò; alòske DCPJ fè eta de 344 moun ki disparèt e 12, 268 moun ki blese. Pou dega materyèl yo, otorite yo revele 52, 923 kay ki kraze konplètman e 77, 006 andomaje.

Comments are closed.