Yon avyon kraze avèk 4 moun nan yon batiman nan Connecticut

1,441

09/02/2021

Connecticut_____(TRiboLAND) Yon avyon kraze nan yon batiman nan Connecticut, se sa ke otorite yo deklare jodi jedi 2 sèptanm 2021 an. Federal Aviation Administration (FAA) konfime yon avyon bizniz pwive Cessna Citation 560X kraze maten an vè 10 è, lè lokal, nan yon batiman Hyde Road nan Farmington, nan Connecticut.

Avyon an te dekole nan ayewopò Robertson Field nan Plainville, Connecticut, e li tap trese lèl pou pran direksyon èpòt rejyonal konte Dare à Manteo, nan Caroline du Sud. Aparèy la te genyen abò 4 pasajè e yo tout mouri.

FAA ak National Transportation Safety Board deja lanse yon ankete sou yon parèy aksidan an.

Comments are closed.