Me ki sa TRiboLAND konnen sou vizit sekretè jeneral “Nasyon Tèt Kole” yo nan peyi Dayiti

917

-Avèk yon ti entwodiksyon tou kout an kreyòl, sekretè jeneral “Nasyon Tèt Kole” yo, Antonio Gutteres bay yon ti pawoli sou fen vizit pap padad li nan peyi Dayiti.

-Dènye bat bouch sekretè jeneral LONI an, fèt nan yon fòma près konferans, nan salon diplomatik ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture, samdi 1 jiyè 2023 a.

-Dirijan “Nasyon Tèt Kole” a, pandan vizit li, te rankontre avèk PM PHTK a, Ariel Henry ak plizyè lòt politisyen annafè.

-Plizyè annafè politisyen tradisyonèl yo ki mete Ayiti nan poubèl li ye jounen jodia, te sou pye yo, pou te rankontre Antonio Gutteres, pami yo ou jwen: Edmonde Supplice Beauzile, ansyen senatè Évalière Beauplan, Pascal Adrien, Liné Balthazar e latriye.

-Gutteres ekspwime detèminasyon li, pou fasilite Ayiti retounen sou wout konstitisyonèl, e ke li soti anba grif kriz plizyè tèt sa kap sakaje li depi yon bon bout tan.

-Pou Gutteres, gravite sitiyasyon peyi Dayiti a, mande yon atansyon rapid e ki dwe bay popilasyon viktim yo pwiyorite.

-Li fè pwomès ke li pral plede pou yon fòs manman penba antre nan peyia, yon fason pou vinn mete dlo nan dife ensekirite a, patikilyèman fenomèn gang lan kap pran jarèt.

-Gutteres deklare ke LONI pwewokipe anpil anpil sou dejenerasyon kriz plizyè tèt kap baleye peyi Dayiti a.

-Dirijan LONI an deklare, pa ka genyen sekirite djanm ou manch long san ke enstitisyon demokratik yo pa remanbwe.

-Gutteres mande Konsèy Sekirite a, otorize deplwaman yon fòs manman penba entènasyonal pap padap, ki pou vinn asiste PNH la, nan kad batay kont gang yo.

-Sekretè jeneral LONI an, mande egalman baz entènasyonal yo, pou yo kontinye founi PNH la zouti grese sere ak fòmasyon nesesè.

-Pou diplomat LONI an, li enposib pou jwen solisyon politik adekwat e reprezantativ si pa genyen amelyorasyon sistematik nan klima sekirite a.

-Sekretè jeneral la, mande pou tout aktè yo aji prese prese; e si sa pa fèt, yo riske wè vyolans ou ensekirite genyen yon enpak pèmanan sou plizyè jenerasyon nan peyi Dayiti.

Comments are closed.