Gwo aktivite dlo desann andomaje yon latriye rezidans nan Soudan

08/08/2021
Katoum_____(TRiboLAND) Plizyè milye rezidans kraze nan peyi Soudan apwè gwo aktivite Lavalas dlo, anpil ri nan kapital la Katoum.
Soudan toujou fè fas ak gwo lapli toransyèl ant mwà jwen jiska oktòb, e peyi a viktim de yon seri sevè aktivite dlo desann, kay, enfwastrikti ak rekòl andomaje.
Nan Atbara, zòn nòdès Sudan, akoz gwo lapli, plizyè kay efondre, dapwè sa ajans nouvèl SUNA rapòte.
Jedi dènye, yon ajans imanitè Nasyon Zini, OCHA konfime ke 12, 000 moun nan 8 sou 18 eta nan peyi a afekte sevèman. Plis pase 800 kay detwi konplètman e 4, 400 lòt andomaje, dapwè Nasyon Zini.
Ane dènyè, anpil gwo lapli fòse Soudan deklare 3 mwà eta dijans, apwè Lavalas dlo afekte mwens pase 650,000 moun ak 110, 000 kay andomaje.






