Minis Jistis ak Sekirite piblik la mande komisè Gouvenman pakè jiridiksyon Jeremi an pou garanti pwoteksyon byen prive sitwayen ak sitwayènn yo.

442
1
Share:
TRiboLAND

02 – 13 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Minis Jistis ak Sekirite piblik gouvenman Alix Didier Fils Aimé a, doktè Patrick Pelissieur, nan yon sikilè li voye bay jiridiksyon Jeremi an, pase enstriksyon fòmèl bay tout otorite jidisyè, pou garanti, ak pwoteje byen sitwayènn ak sitwayen yo kap viv anndan kou andeyò peyi Dayiti.

Dokiman ofisyèl sila ke minis Patrick Pelissier soumèt bay otorite lajistis yo, pwal pèmèt lajistis ak lapolis travay nan etwàt kolaborasyon, kote ke yo pwàl fè entèvansyon kont tout malfwa ak eskanmòtè zèl sapat pou degèpi yo nan kay ak tè sitwayen ak sitwayènn pezib ke yo okipe defason anachik.

Share:

1 comment

Leave a reply