Direktè Ofis Asirans Kontre Tyès la ansanm avèk responsab sèvis sikilasyon rankontre avèk antrepriz distribitè moto yo nan vil Jeremi

148
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Direktè depatmantal Ofis Asirans Kontre Tyès la, Vildrick Laurent, akonpaye responsab sèvis enspektè Aky ak ekip sévis sikilasyon an nan Jeremi pase vizite nan kad program ( Moto Pam Legal Lan) antrepriz moto yo. Objektif yon parèy vizit, antre nan yon demach pou egzije tout achetè motosiklèt yo fè asirans yo anvan menm yo livre yo moto yo bay achetè yo.

Daprè direktè depatmantal Ofis Asirans Kontre Tyès la, Vildrick Laurent, lè achetè moto yo fè asirans yo nan lapolis ak OAVCT, si yo volè motosiklèt yo yap kapab retrase kelkeswa kote volè a ye ak veyikil la nan peyi a. Prosede ak anrejistreman papye moto a, ap fasilite kontròl ensekirite ki genyen nan peyi a; e l’ap pemèt leta aysyen rantre plis kòb nan trezò piblik egalman.

Share:

Leave a reply