Yon gwo seremoni mistik òganize nan Sen Michèl Latalay pou bay Jovenel Moise jistis

893

07/29/2021

Sen Michèl Latalay_____(TRiboLAND) Lakou “Macolas Volmar” ou “Lakou 4 drapo” nan Sen Michèl Latalay te boure ak moun nan yon gwo seremoni mistik kandjanwou. Plizyè aktivite demanbwe te genyen nan tèt yo divès chèf vodou ki tap pèfòme dans ak jès rityèl pou mande pasaj ak lèsen yo yon fason pou mande jistis pou pwezidan asasinen an,Jovenel Moise.

Yon nap blan blayi nan mitan lakou demanbwe a, tanbou kata djawètan fè kenken, aloske yon ti foto pwezidan Jovenel Moise atache ak yon bòl blan ki ansèkle ak chandèl galbanno, yon bòl ki genyen yon likid rasi kap de gaje yon odè kanfwe anvayi odyans lan ki te abiye ak diferan koulè lèsen, kouto etale ak kalbas fann an 2.

Enfòmasyon yo fè eta de yon sakrifis ki fèt ak yon kabwit ak aktivite trase vèvè; konsa, ginen yo ap fini pa vanje asasinay pwezidan Jovenel Moise ki selon yo menm mouri nan yon konplot nasyonal ak entènasyonal. Ann gade video a.

https://www.facebook.com/100003717057224/videos/jistis-pou-jovenel-epi-atansyon-mkonnen-genmoun-kipral-di-ohh-sepayo-pawe-moun-m/855342058739604/

https://m.facebook.com/100003717057224/posts/2434520046681873/?d=n&wa_logging_event=video_play_open

Comments are closed.