Fòs fè nwa yo fwape ankò sou Pòtay Leyogann bilan: 2 sitwayen mouri anba bal

0 362

Pòtopwens____(TRiboLAND) Yon lòt sènn tris e revòltan pou pèp ayisyen an sou Pòtay Leyogann jodi 30 Avwil la, se kadav 2 malere inosan kap benyen nan san ke bandi goril deside yon lòt fwa ankò mete fen nan vi yo pou fè tèt yo plezi.

Dapwè divès temwen ki te nan perimèt plas vyolans la, konfime ke se zak vwayou ou enègimènn Village de Dieu yo ki fè yon desant dèlye yon fason pou mete katye yon lòt gwoup gang paralèl tèt anba. Konsa, 2 malere sitwayen ayisyen pèdi vi yo pou voryen ak pou anyen; pami viktim yo, ou jwenn yon ti machann sentiron ki tap chèche lavi.

Yon zak parèy montre yon lòt fwa ankò kapasite gwoup gang malfwa Village de Satan yo ki mete otorite nasyonal peyi a ajenou.

Leave A Reply