Barik petwòl la desann plat atè sou mache entènasyonal la, alòske responsab atoufè ayisyen yo kontinye ap fè krim nan pri a.

294
0
Share:
TRiboLAND

Barik petwòl la ki tap vann 160 dola, desann 60 dola US, sou mache entènasyonal la.

07-06-2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Gaz la ki se yon pwodui premyè nesesite, pa janm sispann pwovoke gwo bouch louvri nan divès sektè nan lavi nasyonal la, akòz oligak kòwonpi yo poze lapat sou li pou fè mache nwa.

Malgre gen anpil moun kap di, depi gaz la desann sou mache entènasyonal la, li dwe kategorikman desann sou mache lokal la, pou peyi Dayiti, se tèt chaje.

Gaz monte, gaz desann sou mache entènasyonal la, nan peyi Dayiti, pri a pa janm chanje.Yon galon gaz ap vann 900 G-1000 G, nan ponp atè menm se tèt chaje!

Yon sityasyon ki pwovoke gwo tèt chaje, e lage abitan yo nan rejyon an, nan mal site, akòz pri pwodwi premyè nesesite yo tankou : diri, farin, lwil, pwa, poun site sa yo sèlman, pa janm pase desann.

Share:

Leave a reply