KEP : piblikasyon dekrè elektoral

07/05/2021
Pòtopwens______(TRiboLAND) Pou pwochèn eleksyon yo, Konsèy Elektoral Pwovizwa ak pwezidan defakto Jovenel Moise, pibliye jodi lendi 5 jwiyè 2021 an, nan jounal ofisyèl li “Le Moniteur”, numewo 36, dekrè elektoral la.

Dekrè a fè eta de pwemye tou eleksyon jeneral yo ki ap gen pou wè avèk: pwezidansyèl, lejislatif ak referandòm konstitisyonèl la ki planifye pou 26 septanm 2021 an.
Dekrè a egalman, chita sou dezyèm tou pou pwezidansyèl ak lejislatif yo ki ap genyen pou òganize nan dàt 21 novanm 2021 alòske eleksyon lokal yo pral manniganse 16 janvye 2022.






