Vizit nan Gwòt Grann Azi nan lokalite Benna, seksyon kominal Rivyè-dè-Nèg, komin Sen-Lwidinò.

2,545

Gwòt Grann Azi se non yon gwòt ki twouve l nan premyè seksyon Rivyè-dè-Nèg lokalite Benna, komin Sen-Lwidinò.

31 dawou 2022
Pou anpil moun, gwòt Grann Azi a, se gwòt ki genyen yon pòte mistik ak istorik. Nan vizit korespondan TRiboland yo, nan premyè seksyon Guichard, men kisa yo jwenn sou Gwòt sila:

Men avan nou rive bay eksplikasyon sou sa nou jwenn sou Gwòt Grann Azis, pèmèt nou fè yon deskripsyon sou fòm li. Pou anpil moun sepa pou san rezon ke Gwòt la pote non Grann Azi a, paske fòm li gen resanblans tèt koupe ak fòm kò Grann Azi.

Koulya Kisa lòm mistik yo di sou Gwòt sila? Pou yo menm, lèw antre nan Gwòt la,ou gen posibilite pou al bout swa jous nan Lakwa Sen-Jozèf, yon lokalite ki nan 2e seksyon kominal, komin Pòdpè, swa Ansafolè.

Istoryen yo bò kote pa yo fè konnen, esklav yo, oubyen nèg mawon yo te konn itilize Gwòt Grann Azi , pou yal kache sitou lè yo fin goumen ak kolon blan yo.

Malgre Gwòt Grann Azi, ap resevwa divès vizit bò kote, touris lokal ak nasyonal yo, sa pa fè otorite lokal yo ni cho, ni frèt, vwa pou yo ta valorize li nan lide pou kontribye nan mete kanpe yon asyèt fiskal djanm pou komin Sen-Lwidinò, patikilyèman lokalite Benna, seksyon kominal Rivyè-dè-Nèg nan depatman Nodwes.

Comments are closed.