Yon avyon militè filipin C-130 ki tap transpòte twoup kraze nan Jolo.

532

07/04/2021

Mani_______(TRiboLAND) Yon avyon C-130 militè filipin ki tap transpòte twoup ki tap soti Cagayan de Oro, nan Mindanao pou antre nan pwovens Sulu ki pèdi patiraj sou zile Jolo, kraze tou pwè vilaj Patikul, dapwè chèf lame filipin nan, Cirilito Sobejana.

Imaj ki tap sikile sou televizyon montre kakas avyon C-130 lan ki tap bwile avèk gwo poban nyàj lafumen lòt bò vilaj Patikul la.

Sobejana konfime ke genyen pou pi piti 40 moun ke yo arive sekoure e yap pran swenyàj nan lopital militè ki nan Jolo. Sepandan, kantite moun ki te nan avyon an lè li tonbe a,  rete enkoni.

Avyon ponpye militè ak sivil te oblije deplwaye pou kouri etèn dife a e operasyon sovtaj yo te plis konsantre nan retire mete deyò suvivan yo nan lokasyon nofwàj la, dapwè CNN Filipin.

Comments are closed.