Venezwela pèdi 8 sòlda nan batay kap fè raj sou zòn fontalyè avèk Kolonbi

558

04/29/2021

Karakas_______(TRiboLAND) Yon demi douzèn sòlda venezwela jwen lanmò yo nan konfwontasyon avèk group ame kolonbyen ki iregilye. Konba sa yo ki genyen plizyè jou kap pran chè nan zòn Sidwès Venezwela, espas fontalyè avèk peyi Kolonbi, deja voye an total nan peyi san chapo, 16 militè dapwè ministè Defans lan.

Nan yon nòt desè ke li fè sòti, ministè a figire non  8 sòlda ki mouri nan konba yo, men li pa bay twòp pwesizyon. Sepandan, nan yon kominike ke li te fè sòti yè lendi a, li te mete aksan sou yon seri gwo batay tèt chaje ant lame avèk gwoup yo ki pwovoke lanmò nan tou 2 kan nan zòn fontalyè a ki reyèlman yon zòn paswà.

Nap raple, dapwè ministè kap pare kou pou peyi venezwela a, batay yo ap fè raj depi 21 mas 2021 an.

Comments are closed.