Sangwen “400 Mawozo” lage gwo tansyon ak dife volan nan Kwà Dèboukè : yon bò nan yon pòs polis ensandye

537

06/26/2021

Kwà Dèbouke_________(TRiboLAND) Popilasyon Kwà Dèbouke leve anba “gwo tansyon ak panik leve kouri” maten samdi 26 jwen 2021 an. Enfòmasyon yo fè eta de gwo konfwontasyon ant gwoup gang 400 Mawozo ak gwoup gang Remy kreye gwo pètibasyon e anvayi yon pòs polis ki sou wout nasyonal la ki mennen sou Malpasse.

Selon temwen ki sou plas, gang sangwen mete dife nan plizyè machinn, yo anvayi pòs polis la e mete dife nan yon pati nan antèn bwàt enstitisyon PNH la san oken kontrent.

Tansyon vyolans yo ba sispan moute balkon nan dènye 24 èd tan sa yo. Kritik yo pa sispan lonje dwàt sou gouvènman defakto Jovenel Moise la ki pasispan alimante gang yo ak tout kalite zàm pou yon destabilizasyon sistematik repiblik la.

Nan lanwit vandredi 25 jwen 2021 an, bandi ou gwoup gang sangwen alye pouvwa PHTK a mete Site Solèy tèt anba. Yon bon kantite moun jwen lanmò yo lachman e yon katafal blese anba bal .

Comments are closed.