Lajistis envite komisè gouvènman atravè peyi a akonpanye mouvman dekoneksyon konbèlann Elektrisite Dayiti a

410

06/23/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Ministè lajistis ak sekirite anonse ke li pran desizyon pou envite tout komisè gouvènman yo bay Elektrisite Dayiti jarèt nan operasyon dekonekte konbèlann tout awousa eskanmòtè kouran elektrik yo.

Nan sans sa, tout komisè gouvènman atravè tribinal pwemyè enstans repiblik la dwe akonpanye ekip kap demaske vòlò kouran yo ak sa yo kap debwanche priz klandesten ilegal abòne ki nan sitiyasyon iregilyè, dapwè enstitisyon enèji a.

Comments are closed.