Èske jenès la enfòme sou koze okilt k ap pase nan peyi DAYITI? Poukisa granmoun yo bèbè?

623

06/01/2021

Anpil fwa mwen mande tèt mwen si ti jenn anndan Haïti; sitou sa k ap viv nan Pòtoprens yo reyalize, konnen e konprann dyab egziste. M ap mande m si jenn gason k ap pran pòz jenn jan yo nan tchyeke fanm nan lari; al dòmi kay fanm apre rankont nan bal konnen egzistans fanm ki marye ak koulèv. M ap mande m si jenn fanm nan Pòtoprens k ap pran pòz limenna yo konnen ke nèg ki gen bon dola nan men yo konn marye ak lwa ki kase kou matlòt detanzantan. M ap mande m si ti jeunes yo konnen pi fò lidè politik rantre nan pratik bay moun kay dyab pou pouvwa. M ap mande m si jeunes entelektyèl yo konnen François Duvalier depi 1960 siyen yon kontra ak Arab yo, Izrayelyen fo jwif kou BIGIO kote li livre yo sekrè okilt peyi a e nèg sa yo vin chèf tout Lakou bitasyon nan peyi a kote yo bay PAPA Doc aksè ak dyab pa yo ki se “Minotaure Arabe”. M ap mande m si ti jeunes pwofesyonèl byen prepare ann Haïti konnen ke nèg nan Labouchwazi yo gen pwen koulèv Damballah k ap ba yo lajan e se ti nèg nwè yo bay pou renouvle ak chofe pwen yo.

Eske jenn yo konnen tout nèg ki monte Prezidan depi plizyè dizèn lanne oblije sakrifye moun prèske chak mwa pou yo ka kenbe pouvwa yo e se dyab ki kore yo sou pouvwa; e se youn nan rezon ki fè yo esklav blan rasis ki konekte dirèk dirèk ak LISIFÈ, SATAN, Astarte, BÈLZEBIT, Lilit; elatriye?

Se sou bagay sa yo mwen ta renmen pale ak nèg kou BILOLO KONFGO(HEARBY ROC), JEAN FILS AIMÉ, MALOLO KABA, MARC ARTHUR DROUILLARD ak TOUSSAINT Lova k ap fè fòlklò e ki pè pale verite ki ka libere pèp la; sitou jenès zonbifye a. Mwen ta renmen abòde dosye sa yo ak Ati Carl Henri Desmornes pou m konnen si l konplis nan tout san bandi legal grannèg ap bwè nan peyi a!

Gen granmoun nan kay la! Si w pa branche kay YAHWEH, nèg peyi DAYITI ap fè w tounen zonbi pou w travay ak yo kòm esklav! Pa panse batay liberasyon peyi sa dous. Nou gen pou n wè e konprann sa k pwen dyab nan peyi DAYITI ki mare ak demon! Mwen pap janm sispann pale jouk ti jeunes yo konprann nan ki zen yo pran ak bandi ak kravat savan entelektyèl malpwòp, fo boujwa salòp, dirijan malfektè k ap manje matyè fekale e bwè pise gangan!

JEZIKRI SE SÈL REPONS TOUMAN HAÏTI!

Kerlens Tilus. 05/30/2021
SNEL76_2000@YAHOO.COM
TEL: 631-639-0844

Comments are closed.