Dat egzamen bakaloreya a mete gwo bouch pa gou nan mitan “Zanmi JOMO” yo.

2,423

06-05-2022

Nan yon tweet ki pote non ansyen Minis Zafè Etranjè a msye Claude Joseph, yonn pami “Zanmi JOMO” yo, kritike amèman desizyon minis edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat; lè li deside òganize egzamen bakaloreya a bab pou bab ak dat lanmò ansyen chèf Deta a, Jovenel Moïse.

Pou ansyen Minis Zafè etranjè a, desizyon sa yo montre aklè ke gouvènman Ariel Henry a pa gen okenn volonte pou limyè fèt sou asasina ansyen chèf Deta a.

Minis Djo kontinye poul di, desizyon kap pran la yo, montre tout bon vre, ekip ki sou pouvwa a, ap manniganse yon mannyè pou efase krim 7 jiyè a. Pi lwen li ajoute pou li di : byen konte mal kalkile!

Yon lòt bò, ansyen premye minis pou ti bout tan an fè konnen, li pako janm konpwnn pyès teyat ki genyen nan kad asasina ansyen chèf Deta a; lè li konsidere bat je pou plis pase 4 jij deja depòte yo nan yon parèy dosye.

Comments are closed.