Bandi dechèpiye KASEK Jackson Estima nan Basen Ble Laplàt: dezyèm pitit gason l resevwa anpil katouch.

520

05/22/2021

Basen Ble, Laplat______(TRiboLAND) Bandi yo pa sispann ap moute fim kòbòy nan diferan Seksyon kominal yo ki te deja vilnerab. Selon temwanyàj divès ASÈK\KASÈK, delenkan yo achte divès zònn lajan kontan e simen latwoublay san enkyetid. Kidonk, bagay yo rele sekirite a pa egziste ditou anndan Seksyon kominal yo ki tèt koupe ak lanfè.

Se konsa, nan lannuit vandredi 21 pou louvri samdi 22 me 2021 an, KASÈK 2e Seksyon kominal Basen Ble, lokalite Laplate ak Odigé, Msye Estima Jackson, resevwa vizit yon gwoup bandi lakay li. Yo pote ale tout sa l te posede. Selon temwanyaj kèk moun nan Seksyon an, bagay ki pote non lajan an ak materyèl ki gen vale pa rete dèyè pandan pasaj bandi yo.

Msye Estima Jackson

Dezyèm pitit gason KASÈK la ki te prezan nan moman bandi yo t ap dechèpiye lakay papa l e ki t ap suiv sènn nan deprè ,resevwa anpil katouch anba men bandi yo.

Bandi sa yo ki te panse yo te pote laviktwa puiske, selon kèk temwen, objejtif kriminèl la, se te mete dlo nan je popilasyon Laplate la, men se te byen konte mal kalkile. Mirakilezman, pitit gason KASÈK la pa mouri e anplis lap pran swen nan youn nan lopital nan depatman Nòdwès la.

Li enpòtan pou sinyale ke se pa pwemye fwa yo parèy zak arive pwodui nan Komin Basen Ble nan depatman Nòdwès. Pa twò lontan bandi ak gwo zàm te kidnape merès Basen Ble a e ki te rive gen lavi gras ak pouvwa Bondye lavi a.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.