Fidèl katolik yo nan chapèl Notre Dame de Fatima fete fèt patwonal yo an gran panpan ane a.

1,572

10-13-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Fèt Notre Dame de Fatima ki localize nan 3èm seksyon Dègranj, Senlwidinò, selebre an gran panpan fèt patronal li jodi jedi 13 oktòb 2022 a. Yon seremoni kite dewoule nan prezans otorite minisipal yo, kazèk 3èm seksyon Dègranj lan, Saintilmé Saintilus ak pèleren ki soti nan diferan pawas ak chapèl nan komin Senlwidinò. .


Reveran pè Jonas Gué nan omeli sikonstans lan, envite fidèl yo pou mande la Vyèj Mari lagras pou yo viv ansanm tout bon vre nan kominote a. Viv ansanm se pi gwo prèv ki fè moun sanble ak Bondye. Viv ansanm vle di, eksplwate tout sa ki bon ki lakay lòt la! Men nou kite endiferans lan fè nou divize, nou kwè nou siperyè parapò ak lòt la.

Pou kretyen katolik yo se anpil gras Bondye fè yo; paske ane ki pase yo fèt la pat gen tout anplè sa akoz fenomèn banditis la ki tap wonje komin nan.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.