Biwo devlopman komèsyàl peyi Lachin repran aktivite operasyonèl li nan peyi Dayiti

07 – 20 – 2024
Pòtopwens, Ayiti______(TRiboLAND) Peyi Lachin pa genyen ofisyèlman relasyon diplomatic ak peyi Dayiti, sepandan otorite chinwaz yo decide reprann koperasyon komèsyàl yo avèk peyi Dayiti, yon desizyon ki fèt gras efò otorite ayisyèn yo egalman.
Nan yon konferans li bay laprès, pòt pawòl ki responsab kominikasyon pou Biwo devlopman komèsyàl Lachin nan peyi Dayiti, Lin Jian anonse ke estrikti a ki te travèse lizyè jous nan Repiblik Dominikèn akoz pètibasyon sitiyasyon sekirite nan peyi Dayiti, reprann aktivite operasyonèl li jan sa te ye nan Pòtopwens.
Mesye Lin Jian rabat pou li di ke biwo li reprezante a, jwe yon gro wòl grese sere nan kominikasyon ak koperasyon komèsyàl ant peyi Dayiti ak Lachin.






