Yon dife bay gro van panik nan Bwa Rouj, Pòdpe : yon kay bwile ra pye tè

04/20/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo dife eklate nan zòn Bwa Rouj, nan Pòdpè (dezyèm seksyon Obè), kote yon kay boule nèt ale san anyen pa sove. Temwen yo fè konnen flanm dife yo te gaye rapidman, sa ki rann tout tantativ pou sove byen yo vin initil.
Daprè enfòmasyon ki disponib, kay la ta pou de (2) demwazèl ki se elèv nan Lise Tertulien Guilbaud. Nan moman dife a te pran, yo pa t lakay yo paske yo te lekòl, sa ki evite yon trajedi pi grav an tèm de pèt lavi.
Pou kounye a, okenn otorite poko bay detay ofisyèl sou koz dife a. Sepandan, plizyè moun nan lokalite a fè konnen yo ta remake prezans yon bonbòn gaz nan kay la, sa ki ta ka yon eleman pou ede eksplike orijin sinis la. Yon ankèt ta dwe louvri pou fè limyè sou sa ki rive a.






