Lapolis mare kou krab 2 pwezime kidnapè nan vil Gonaiv

733

11-01-2023

Nan moman yo tap fè bwas pou resevwa ranson nan kad boukantaj viktim yo, lapolis nan Site Endepandans lan arive mare kou krab 2 pwezime kidnapè nan apwèmidi lendi 30 oktòb 2023 a.

Lapolis felisite bon jan kolaborasyon ki genyen ant popilasyon an avèk fòs lòd yo; yon makònaj kap pèmèt yon klima lapè fè wout li nan popilasyon an.

Annafè yo nan moman sila, twouve yo ap reflechi nan gadavu, kote yo ap tann pwosesis jidisyè yo, dapwè responsab yo nan Direksyon Depatmantal polis la fè konnen.

Comments are closed.