Pon Ladig nan vil Ti Gwav Yon danje iminan.

2,077

Pon ladig tigwav reprezante yon gwo menas pou moun kap viv nan vil la ak moun ki nan zòn ki anviwonnen l yo.

08-27-2022

Ti Gwav, Ayiti__(TRiboLAND) Pandan popilasyon tigwavyènn ap manifeste kont, gaz ki pa disponib nan estasyon ponp a esens yo, zak kidnapin, vyolans, ensekirite, lavi chè, grangou, mizè tout kalite, manifestan yo pa ajoute problèm “Pon Ladig” ki konstitye yo gromenas anviwonnmantal.

Nan Sans sa a, kòdonatè mouvman renesans Ti Gwav la (MOREP) DENISCA Casimir nan yon entèvyou li akòde ak korespondan nou nan rejyon gwavyènn nan, fè konnen, Pon Ladig reprezante yon gwo menas pou vil Ti Gwav ak tout lòt moun kap viv nan zòn avwazinant yo, fas ak gwo lapli kap tonbe sou komin nan dènye jou sa yo.

A la tèt MOREP la ki se DENISCA Casimir esplike, alivyon yo monte rive kole ak strikti pon an; abitan yo genyen gwo kè kase, chak fwa yo wè tan an mare nan tèt mòn yo. Konsa, sitwayen ak sitwayènn yo pa konnen ki sen pou yo adrese devan yon parèy danje.

Kòdonatè a reproche popilasyon an li di, ki abite tou prè rivyè a, kap jete san rete fatra ak tout kalite bèt mouri nan espas kouran Ladig la.

Toutfwa, #1 mouvman renesans Ti Gwav la (MOREP) DENISCA Casimir lanse yon kri dalam bay leta lokal ak santral atravè ministè travo piblik transpò ak kominikasyon pou vini kire pon an, yon fason pou evite dlo pote li ale nan lamè. Casimir deklare ke otorite konsène yo pa dwe kite dlo pote pon an ale nan lamè, ki selon li, pon sila a, desèvi plizyè depatman tankou: grandans, sid, nip ak yon bòn pati nan depatman lwès peyi a.

Comments are closed.