Krim pasyonèl nan Tirivyè Nip: Fedner Lumene admèt li touye mennaj li apre 9 lane relasyon

11/02/2026
Ti Rivyè Nip, Ayiti ______(TRiboLAND) Yon krim pasyonèl souke zòn Bezen, nan komin Tirivyè Nip, kote Fedner Lumene ki se yon mekanisyen moto akize dèske li touye mennaj li, Pharana RUTH Love Edmel, yon enfimyè, nan jounen samdi 31 oktòb 2026 la, vè dizè nan maten. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, mesye a ta admèt devan otorite lapolis yo se li menm ki touye jèn fanm nan, apre yon relasyon ki te dire anviwon 9 lane. Li ta esplike zak la te fèt sou baz jalouzi, paske li te sispèk mennaj li t ap frekante yon lòt gason nan Leyogàn.
Daprè deklarasyon Fedner Lumene fè devan Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ), Pharana te fè l konnen li te al pran plezi ak yon lòt gason nan Leyogàn, epi pandan diskisyon yo, li ta menm fè l konnen li ansent pou mesye sa a. Yon sitiyasyon ki, daprè sa li rakonte, te fè jalouzi anvayi l. Se konsa, pandan yo t ap deplase pou al chèche yon kalbas, li ta pwofite moman an pou touye jèn enfimyè a epi lage kò li nan yon tou egou, nan yon zòn kote lanmè a konn anvayi yon lakou lakay fanmi demwazèl la. Li di li regrèt sa ki pase a, men li kontinye fè konnen se paske mennaj li te trayi konfyans li ki fè li te rive komèt zak la.
Pou kounye a, Fedner Lumene nan gadavi, aprè arestasyon li ki te fèt nan moman li te prezante devan otorite yo pou pote plent ak yon sè defen an. Li pral tann swit pwosedi legal yo, anvan transfè li devan lajistis pou reponn kesyon sou zak grav sa a. Lanmò Pharana RUTH Love Edmel soulve anpil kesyon sou vyolans nan relasyon amoure, sitou lè jalouzi ak konfli santimantal tounen yon pretèks pou yon moun retire lavi yon lòt.






