Delma 40 B: bandi sangwen tire yon pwopwiyetè mini makèt ke yo t’ap eseye kidnape

257

02/03/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Anpil gwo kout zam chante aswè mèkredi 3 fevriye a nan Delma 40 B a lòske yon group bandi sangwen t’ap eseye kidnape yon pwopwiyetè mini makèt nan zòn nan ki rele Jacques Pierre Matilus.

Bandi sa yo ki tap tante ale ak mèt makèt te oblije krible li anba bal paske li te refize ale. Krim sa ankò revòlte moun nan zòn ki deside bloke 40 B jiskaske otorite a antre mouvman kidnapping deta a.

Aparèy jidisyè nan Pòtoprens te fè deplasman pou fè konsta legal kadav la ki tap benyen nan yon rigòl san an prezans plizyè jounalis lokal ki te deja sou plas. Matilus se te yon kàd nan Ministè Afè lòt bò Dlo pou peyi Dayiti.

Paralèlman, senatè anpeche, Nenel Cassy pase move moman nan 40 B a egalman. Bandi sangwen abò 2 machin kwaze, pami yo youn ofisyèl arive krible machin senatè a anba bal. Plizye moun arive blese yon fason kolateral, e yon militan ki rele Kenel ki te nan machin arive pran yon bal nan figi alòske Cassy soti dejistès nan yon parèy atak.

Comments are closed.