Anplwayè ONA nan Pòdpè obsève yon arè travay an siy solidarite ak yon kolèg ki kidnape nan kapital la

180

02/03/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Anplwayè ONA nan biwo rejyonal Pòdpè a obsève yon arè travay mèkredi 3 fevrye 2021 an, nan lide pou pwoteste kont zak kidnapping ki fèt sou kòlèg travay yo Emmanuel Temezi yè madi 2 fevrye nan kapital peyi a, Pòtoprens.

Romel José, kise prezidan komite sendika nan biwo ONA nan Pòdpè kalifye yon parèy revòltan ki soulve plim sou do yo; li mande liberasyon prese prese san kondisyon kòlèg li an.

Romèl nan kad entèvyou an, move kou Kong, akòz kòlèg li an ravisè yo anlve swit apre yo te fin leve 2 jounen grèv yo.

Konsa, Msye Romèl pa kache enkyetid li, akòz ensekirite a kap vale teren. Li deklare ke pèsòn pa epanye. Prezidan sendika a, mande ak gouvènman Moise-Jouthe la asime responsabilite yo fas ak fenomèn sa a, kap fini ak sosyete ayisyèn nan.

Pou fini, leader sendika ONA branch Nòdwès la deklare, y ap reprann travay kiskaske yo jwenn liberasyon san kondisyon kòlèg yo a.

N ap raple ou,jounen jodi an,anplwaye ONA yo te lèse biwo yo byen bonè nan maten nan vil Pòdpè.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.