Aprè plizyè seans fòmasyon sou kriz imanitè ak ijans kòdonatè, doktè pwofésè Ivon Janvier delivre nan diferan katye nan Jeremi plizyè materyèl sansilizasyon ak pwoteksyon

214
0
Share:
TRiboLAND

12/08/2025

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad pwojè fòmasyon lidè nan sa ki konsène kriz imanitè ak ijans, ki finanse anba lobedyans anbasad ameriken e gwop kap apiye devlopman ak demokrasi, kodonatè (GRAD) la pwofesè Ivon Janvier, nan yon seremoni pou klotire pwojè a, renmèt nan lokal Tak for Kits, materyèl sansilizasyon tankou megafòn, kask pwoteksyon, dokiman pou zonn malè pandye yo e pou komin Jeremi.

Daprè kòdonatè GRAD lan pwofesè Ivon Janvier, pwojè sila ki realize nan tèt kole avèk responsab pwoteksyon sivil yo, Kwa Wouj Ayisyènn, pote anpil chanjman nan konpòtman diferan sektè nan sosyete Jeremyènn lan, sitou nan fason yap jere anviwonman an yap viv yo.

Share:

Leave a reply