Lavalas deklare ke li pa nan eleksyon avèk “Plonje Haiti Tou Kanpe” (PHTK)

412

Pòtopwens___(TRiboLAND) Jodi jedi 2 jwiyè 2020 an, Òganizasyon Fanmiy Lavalas voye yon pennga bay tout responsab politik ki deja ap fè je dou pou patisipe nan eleksyon po bannann pouvwa PHTK a deja ap pwograme.

Jodson Dirogène ki se rapòtè òganizasyon “Bò Tab la”, kritike seryezman foli gouvènman an pou mete sou pye eleksyon alòske li pa genyen lejitimite ak konfyans popilasyon ayisyènn nan. Pou yo menm bò kote pati Lavalas la, se “kapote chodyè plat atè”.

Jodson kontinye kritike avèk anpil pitye pouvwa a ki oze menm ofisyalize kò gang anndan peyi a ki konstitye youn nan bwa dwat kriminèl pouvwa a. Rapòtè “Bò Tab la”, te pase pran makònn dekrè depaman prezidan Jovenel Moise la ki pa lòt bagay ke zèv oksidan an.

Comments are closed.