Nòdwès: wikenn kilti e vant siyati avèk 60èm edisyon “Livres en Liberté”

286

12/19/20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Karavàn 60èm edisyon “Livres en Liberté” demare nan depatmantal nodwès la, prensipalman nan vil pòdpè soti jodi samedi 19 pou rive dimanch 20 desanm 2020 an, nan Inivèsite Valparezo daprè ekriven Clément Benoît ll ki tap detaye bay laprès yè vandredi 18 desanm 2020 an.

Kidonk, pou ekriven Clément fè konnen, genyen divès lòt ekriven ki tap soti nan divès kote nan peyi Dayiti pou vin pote kole e fè vant sinyati prodwi literè yo nan okazyon an. Malgre lapli kap tripote site Kapwa Lamò, 60èm edysyon “Livres en Liberté” demare nan yon anbyans timid ak bouch pa gou nan moman sosyete ayisyèn nan ap travèse yon kriz moral; ak yon jenès ki pa konnen ki moun yo dwe pran kòm model.

Konsa, jan sa te prevwa, ouvèti evenman sa te kòmanse jodi samdi 19 desanm ak yon omaj kote ke inisyatè yo depoze yon jèb flè sou tonb ansyen batonye lòd avoka Pòdpè a, Mèt Serge Régnier, ansyen egalman direktè fondatè Collège Mixte Lesly Doctor nan vil Pòdpè.   

Nap soulinye prezans plizyè ekriven tankou : Fedia Stanislas, Jackson Joseph, Samuel Clermont, Me Martial Yves, minis edikasyon nasyonal la Pierre Josué Agénor Cadet kòm envite donè, pou n site sa yo sèlman.

Comments are closed.