Sinyati yon protokòl dakò ant Inivèsite Deta Dayiti ak Chaje Dafè a.i. anbasad Swis la

220

12\13\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Rektè Inivèsite Deta Dayiti a, profesè Fritz Deshommes ansanm ak Chaje Dafè a.i. anbasad Swis la ki nan peyi Dayiti, Fabrizio Poreti sinye yon protokòl dakò ki sinye nan Petyonvil yè vandredi 12 desanm nan sou angajman 2 peyi yo nan kàd koperasyon sou jesyon entegre risk ki gen pou wè ak katastròf natirèl.

Fabrizio Poreti ki tap depose sou nesesite pou òganize yon seri seyans fòmasyon, sansibilizasyon ak strateji pou pare kou yon fason pou ratresi yon seri risk ki marye ak katastròf natirèl nan peyi a.

Bò kote pa li, rektè inivèsite Deta Dayiti a, profesè Deshommes bat gro bravo pou yon parèy protocol ki montre profondè volonte ak angajman peyi Swis nan kàd bay koperasyon ant 2 peyi yo jarèt.

Pou fini, profesè Deshommes plede anfavè patisipasyon sèktè inivèsitè a pi djanm nan demach sansibilizasyon ak fòmasyon nan domèn risk ak katastròf. Alòske Poreti, avanse ke peyi Dayiti ekspoze anba katastròf pami yon seri peyi ki nan rejyon Karaib la.

Comments are closed.