Bandi atake twà patrouy lapolis: Premye minis Joseph Jouthe senpleman menase bandi yo pou yon milyèm fwa

138
0
Share:
TRiboLAND

12\03\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) De patrouy lapolis ki soti nan inite espesyalize nan PNH la, “Swat Team” nan Village de Dieu (Bisantnè) ak Gran Ravin nan Matisan, te tonbe anba atak nèg ki ame jis nan dan; e yon lòt atak te arive komèt tou sou yon lòt antite nan polis administratif Delma a, daprè Premye Minis lan, Joseph Jouthe ki denonse zak kriminèl sa yo e promèt yon repons propòsyonèl.

Jouthe ki tap entèvni nan premye edisyon semèn Objektif pou Devlopman Durab, leve vwa li sou atak sa yo  kòm yon afron ki pap rete enpuni. Panda jounen jedi 3 desanm 2020 an, tansyon yo pat sispan miltipliye nan kapital la; te genyen gro lèse frape ant fòs lòd yo ak bandi sangwen ki te atake yon blende sou bisantnè a ki reprezante zòn non-dwà kote chèf gang yo brase, fè kidnapping, sekestrasyon ak fuziyàd.

Premye minis Jouthe ki pran atak sa yo oserye, envite yon enyèm fwa popilasyon an ala vijilans; yon seri deklarasyon dezespere ke anpil moun pase anba betiz lè yo konpran ke pouvwa Jovenel Moise se pwason kraze nan bouyon ak aktivite gang ak kidnapping anndan peyi a.

Share:

Leave a reply