Kòdonatè kazèk : sitiyasyon lamantab nan seksyon kominal Lapwent

345

11\25\20

Lapwent, Pòdpè_____(TRiboLAND) Kòdonatè kazèk dezyèm seksyon Lapwent lan, komin Pòdpè, Msye Iglanet, drese bay lapwès jounen madi 24 novanm 2020 an yon tablo lamantab sou sityasyon seksyon kominal lap dirije a.

“Seksyon an ap konfwonte anpil pwoblèm,” sin ta vle kwè Msye Iglanet. Menas Rivyè Vyejou, pwoblèm kiraj, pwoblèm lekòl, elektrisite, pwoblèm enfrastrikti woutyè, san konte labou ak dlo kap taye banda kont sikilasyon motosiklèt ak machin ,si tou lè lapli tonbe.

Pou kowòdonatè kazèk la, Rivyè Vyejou, reprezante youn nan pi gwo male pandye pou moun Lapwent. Lè lapli tonbe, kay, zannimo ak plant brote ale.

Yon lòt bò, manb kazèk la, soulinye pwoblèm elektrisite a ki lakòz ogmantasyon ensekirite a,kote, manman pitit ak papa pitit ap dòmi yon grenn zye ouvè, yon grenn zye fèmen. Kazèk la, ki konsidere limyè a kòm kwa, yon sous vital ki kapab ankouraje jèn ekolye ak ekolyè yo nan pwosesis ansènyeman /aprantisaj la.

Pou Iglanet, li pa posib pou vil Pòdpè ap resevwa 18 tèdtan kouran pa jou alòske seksyon kominal l ap dirije a ap patoje nan fènwa.

Sepandan, pou kòdonatè kazèk la, nan tan ki pase yo, malgre depatman an poko gen anpil materyèl, sa pat anpeche, Rivyè Vyejou te konn kire, konsa popilasyon an te konn jwenn yon alemye, men koulya malgré genyen anpil materyèl sou depatman nòdwès la, sepandan nad marinad.

This image has an empty alt attribute; its file name is image-36.png

Kòdonatè a, ki estime kantite konba ki li mennen nan eleksyon pou Prezidan Jovenel Moïse, seksyon kominal l ap dirije a, pata dwe jounen jodia ap trete an paran pòv. Li soulinye, yo poko resevwa okenn akonpanyeman swa sou plan agrikilti, alimantè, sosyal ak edikatif.

Pou fini, Msye Iglanet mande non sèlman ak Direktè TPTC a, Angelot Oracius panche sou pwoblèm kiraj Rivyè Vyejou an, paske lè lapli tonbe tout moun oblije kite kay yo. Men tou, li lonje dwèt li byen long, kote li mande ak pouvwa tèt kale nimewo 2 a, panche sou sityasyon sosyal ak ekonomik peyizan yo paske dezyèm seksyon kominal Lapwent kontribye nan asyèt fiskal peyi a.

Genson HYPPOLITE. gensonhyppolite8@gmail. com

Comments are closed.