Pa kite kè w sote ni rantre nan lapèn pou sa w wè k ap pase konpatriyòt Haïtiens nou nan Fwontyè Texas la!

Tande, pa gen anyen ki rive bridsoukou san planifikasyon. Detwi Haïti; fè l tounen yon latrin, se yon vizyon, yon plan byen monte k ap mache. Pa kite moun makak ou. 5 kan de sa, mwen te ka rantre nan mobilizasyon pou m pote asistans bay konpatriyòt ki an difikilte sou Fwontyè ETAZINI-Meksik nan zòn Texas; men jodia, non, mwen ka kriye nan mouchwa; mwen endinye e fristre; men m pap bay tèt mwen pwoblèm pou m rantre nan fè kòlè; mwen pral eksplike nou sa ki fè m pap bouje fè yon pa. Pa panse mwen ensousyan; mwen se yon viktim.
Depi 50, 40 tan; Haïtiens koumanse pati nan kanntè, nan fè dekolaj pou rantre ilegal nan kèk peyi tankou ETAZINI paske LETA efondre; nou gen yon Leta fatra, yon Leta pèpè; nou ka menm di yon Leta kaka ak dirijan poupou. Sa nou wè k ap pase la a; se yon montaj, se yon plan alontèm pou kreye yon Nouvèl Haiti san Haïtiens. Blan rasis esklavajis yo twouve peyi a pa sanble nou; se sa k fè yo met dife, vyolans, kidnaping, barikad, fè pwomosyon politisyen malpwòp pou fòse moun kite peyi a pa pil pa makòn. Gen gwoup bandi yo mete menm pou òganize vwayaj sa yo e k ap fè anpil kòb. Moun sa yo lye ak bandi legal nan Labouchwazi ak nan tèt LETA a. Se dezòd planifye k ap fèt.
Dezyèmman, se pwòp Blan politisyen ki deside frape Joe Biden nan pwovoke yon kriz imanitè. Biden ak Kamala Harris se 2 blofè ki te konnen yo pa t ap janm ka fè refòm sou imigrasyon; men yo blofe enbesil nan kominote nou an k al vote pou yo. Pa okipe moun k ap envite w al manifeste. Anndan Dyaspora a la; anpil moun ki di yo se aktivis nan òganize vwayaj klandesten tou. E, se moun sa yo k ap brase moun, brase kòb ak blan mechan, politisyen popetwèl. Mwen, Kerlens Tilus , malpwòpte pap fè m pete kouri nan vizyon ak pwojè salamik yo.
Twazyèmman; Haïti, menm jan ak tout peyi gen yon desten ki byen trase devan li. Gen pwofesi ki klè sou Haïti ki di peyi a gen pou l libere. Mwen se yon nèg ki aprann anpil bagay sou peyi a e ki jwenn revelasyon sou peyi sa depi plis pase 20 lanne. Chak jou m ap kwaze ak Mapou, Baobab, Bon Kretyen, Bon moun k ap kase moso enfòmasyon ban m pou fè m kontinye gen lespwa e rete kwè dechoukaj gen pou fèt, bandi legal gen pou yo netralize, peyi a ap libere. Mwen, etid mwen fè nan LABIB, koze mwen aprann nan ZOHAR ak anpil anpil liv metafizik fè m konprann Haïti pap peri; E mwen gen kapasite pou m enplike m nan chanjman an. Haïtiens dwe sispann kriye pou yo ka kanpe goumen pou pran desten yo an men. Mwen pa lapriyè sèlman; mwen konn kijan pou m kreye richès. Kreyasyon richès la mennen ak dènye pwen an: Kanpe goumen.
Katriyèmman,nou dwe kanpe goumen. Yon moun ka toujou chwazi kite peyi a; se zafè pèsonèl yon nonm ak yon fanm; men mwen, mwen pap fòse moun rantre nan okenn peyi ilegalman si se pa yon gwo menas ki plane sou tèt ou. Ann Haïti ak ANBASAD yo, depi kèk mwa, se sèl enstitisyon ki fè paspò k ap mache; e mache a se nan kase kou moun pou ba yo paspò pou yo kite peyi a. Gang nan tout geto, se yon pwojè depopilarize ak depèpleman peyi a; se yon pwojè bay degoutans pou w vag sou lavi. DESALIN pat bati peyi pou BIGIO, APAID ak BOULOS, ni pou CORE GROUP ak ETAZINI. Blan an pap sispann bay zam ni sipòte chyen mouri k ap fè politik poupou yo. Haïtiens dwe pran desizyon pou yo kanpe goumen. Si nou kite se machann mikwo k ap resikle malpwòpte bannou; nou fenk kare al mouri nan raje Panama, Kolonbi, Gwatemala, Meksik. Nou fenk kare pran kout raso nan fwontyè Texas; nou fenk kare dòmi anba pon!
Boutofen, egzòd masif kote tout Haïtiens gen pou yo tounen lakay yo ap fèt; e se pa bagay k ap pran tan. Mezanmi, pa kriye, pa rele; se nan dènye 100 mèt la nou ye la; peyi LETÈNÈL bay PAPA DESSALINES lan ap fè yon dezyèm leve kanpe. Revolisyon 2.0 ap rive kanmenm. Pa okipe pyès moun k ap fè nou pete kouri; rete tèt frèt pou nou reflechi e vanse. Pa bliye; se BONDYE ki bay lavi e se LETÈNÈL ki bay peyi. Nou pap pran nan pwovokasyon bandi legal yo. Pa kite kè nou sote; pa kite bandi mennen nou nan labatwa mizè, inyorans, dezolasyon, rayisman ak bra kwaze pou n al pran imilyasyon nan men rasis esklavajis masisi pedofil. Se pa yon aza si nou wè se nan mwa DESSALINES nan la, n ap sibi endinyasyon sa la. Pa dekouraje, delivrans lan pa lwen!
Egzòd masif la ap rive; li koumanse ak moun BREZIL- CHILI yo! LAFRANS- KANADA-ETAZINI ap vini. Yo gen pou yo mande Haïtiens degèpi tout kote yo ye; lè sa a, nèg k ap bay zam Matisan, Gran Ravin yo ap oblije poze pou yo bwè yon mabi 50 paske bwa pral mare pou yo. Se BLAN MERIKEN k ap manniganse tout dezòd sa yo; kale je nou konpatriyòt yo!
Nan JEZIKRI gen LAVI ak SANTIBON!
NAMASTE! SHALOM!
Kerlens Tilus. 09/21/2021
SNEL76_2000@YAHOO.COM
Tel: 631-639-0844






