Seyans konfrontasyon ant Youri Latortue, Jean Henry Céant ak Pierre Réginald Boulos sou dosye ANAMART / ONAPHARMA

279

09\26\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Madi ki pral 29 septanm 2020, Unité de lute Contre la Corruption (ULCC) ap genyen nan 10 è nan maten yon seyans konfrontasyon ki pral fè lapawoli mache sou dosye ANAMART / ONAPHARMA. Jwè ki pi annafè yo tankou: Youri Latortue, Pierre Réginald Boulos ak Jean Henry Céant konte jwe an defans nan kad lumyè jayi sou magogo prè nan Office National d’Assurance-viellesse (ONA) ki ta sanble chaje avèk nwaj.

Sitwayen tankou Albert Christian Claude Jean Louis ki posede Extra Market la, Rodrigue Polyte, direktè depatman finans nan ONA ak Raynald Benjamin ki se ansyen direktè jeneral ONA a ap alinye tou yon fason pou diskite ou reponn ak egzijans ULCC yo ki mande eklèsisman sou yon seri kout ponya nan bwàt sekrè ONA.

Comments are closed.